Accessibility links

Breaking News

Yon Bann Touris Al Pase Fèt Travay nan Savannah


River Street se yon avni kote gen anpil aktivite nan vil Savannah, eta Joji.
River Street se yon avni kote gen anpil aktivite nan vil Savannah, eta Joji.

"Visit Savannah" ki se biwo tourism vil la predi 80% chanm otèl yo finn lwe pou wikèn ferye sa a.

Gen kèk moun ki te anile vizit yo akoz pandemi Coronavirus la, dapre Prezidan Visit Savannah a, Joe Marinelli. Men misye fè konnen gen lot moun ki deside pase wikèn nan nan Savannah paske yo kwè se yon kote ki gen sekirite, ak anpil lye kote yo ka al pran plezi yo.

Yon moniman Ayisyen nan katye istorik vil Savannah, eta Joji.
Yon moniman Ayisyen nan katye istorik vil Savannah, eta Joji.


Kot eta Joji konstate anpil nouvo ka COVID-19 pandan mwad Out la. Malgre sa, otèl yo, restoran yo ak tou gide vil la ap opere san rete.

Marinelli di petet se akoz sa a mwad Out la se mwa kote vil touristik la te gen plis aktivite.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG