Accessibility links

Breaking News

Ozetazuni 6 Septanm Se Fèt Travay


Prezidan Joe Biden salye manm sendika travay elektrisyen International Brotherhood Electrical Workers la nan New Castle, eta Delaware, 6 Sept. 2021.
Prezidan Joe Biden salye manm sendika travay elektrisyen International Brotherhood Electrical Workers la nan New Castle, eta Delaware, 6 Sept. 2021.
Ameriken ap amize yo nan Millennium Park, Chicago, eta Ilinwa, 5 Sept. 2021.
Ameriken ap amize yo nan Millennium Park, Chicago, eta Ilinwa, 5 Sept. 2021.


Jodi 6 Septanm se Fèt Travay Ozetazuni. Fèt Travay la se yon jou ferye kote Ameriken selebre tout travayè li yo depi ane 1894. Prezidan Grover Cleveland te siyen lwa ki fe premye Lendi mwad Septanm nan tounen yon fèt nasyonal.

Puiske Fèt Travay se yon jou ferye ki egziste depi lontan, pi fo Ameriken pa menm reflechi sou siyifikasyon fèt la. Pito se yon jou pou yo pran plezi yo ak zanmi epi fanmi. Yo konsidere'l tou tankou fen sezon ete a.

Anpil timoun lekol reprann klas yo apre Fèt Travay. E gen plizyè bisnis tradisyonèl sezon ete - tankou pa egzanp pak amizman, magazen ki vann krèm a la glas ki redui hè travay yo apre Fèt Travay.

Men an 2021, anpil Ameriken ap reflechi sou travay yo. Poukisa? Eben se akoz pandemi COVID-19 la, ki chanje fason moun Ozetazuni ak komes yo tou opere. Gen anpil biznis ki oblije fèmen pot yo oubyen anplwaye yo ap travay lakay yo depi mwad Mas 2020.

Anplwaye ki travay nan biwo yo - kwè yo pi alèz travay konsa, paske yo pa oblje pase yon pakèt tan pou yo rive nan biwo yo chak jou. Kounyea sa vinn pèmèt yo gen plis tan lib pou pase ak zanmi epi fanmi.

Men moun ki gen faktori ak restoran yo nan pwoblèm. Gen yon mank kèk pwocui paske faktori yo te oblije fèmèn. Bar ak rtestoran gen pwoblèm pou jwenn travayè. Kidonk gen kèk restoran k'ap ofri anplwaye yo pi gwo salè.


Nan Washington, pwopriyetè restoran ak libreri Busboys and Poets, anonse sa pa gen lontan, chak anplwaye pral gaye $15 pa hè pou pi piti. Pwopriyetè a, Andy Shallal, di yon stasyon televizyon lokal li pral ede anplwaye li yo ale nan univèsite epi jwenn pi bon swen sante.

Yon sondaj opinyon Washington Post ak Univèsite George Mason nan eta Vijini fè pandan pandemi a jwenn ke 30 % travayè Ameriken gen entansyon chanje travay ane sa a.

Gen lot travayè ki deside fome sendika an 2021. Pa egzanp, moun ki travay pou konpayi Amazon nan eta Alabama, nan sid Etazuni te eseye oganize yo pou fome yon sendika kote yo ka negosye antanke gwoup pou mande chèf yo ogmantasyon, pi bon kondisyon travay, ak plis jou konje.

Vèsyon orijinal teks sa a soti nan Learning English

XS
SM
MD
LG