Lame amerikèn nan anonse yon avyon konba fòs Koalisyon an tonbe nan peyi Libi, pandan li t ap patisipe nan yon kanpay militè pou demantibile sistèm defans anti-aeryen lidè libyen an, Mouammar Khadafi e pwoteje sivil yo kont twoup gouvènmantal yo.
Yon pòtpawòl Kòmandman afriken Lèzetazini an, Vince Crawley, di se pwobab ke se pwoblèm mekanik ki lakòz aparèy la tonbe. Crawley di yo jwenn youn nan pilòt yo e y ap fè demach pou yo jwenn 2èm nan.
Yon lòt kote, pandan yon 3èm nwit youn dèyè lòt. Jeneral Etazini Carter Ham di lendi 21 mas 2011 la kowalisyon an pral elaji zòn Nasyonzini otorize kote avyon pa gen dwa vole a ki respekte nan Libi a.
Men li ajoute atak ak bonm alye yo sanble ap vin mwen frekan amwenske gen yon bagay inatandi ki rive.
Jeneral Ham di kowalisyon an pa gen okèn manda pou l bay rebèl yo apwi dirèk, rebèl ki te kòmanse yon rebelyon mwa pase a avèk objektif pou mete fen nan rejim 42 zan Khadafi a.