Accessibility links

Breaking News

Yon Avyon Komèsyal Ameriken Fè yon Aterisaj Fòse nan Kiba


Yon avyon konpayi amerikèn United Airlines ki t ap sòti nan ayewopò Dullus, nan Washington, D.C., pou l ale Cancun, o Meksik, te oblije kite wout li pou l t al fè yon aterisaj fòse nan La Avàn, Kiba, dimanch 31 jiyè 2011 la, aprè moun ki te abò a te pran sant yon odè etranj.

Se yon Airbus 320 ki te genyen 135 pasaje ak manm ekipaj abò l. Gloria Barbena, pòtpawol enterè Lèzetazini nan La Avan, fè konnen yon lòt avyon te sòti Ozetazini menm dimanch la pou l ale La Avàn e li kite Kiba ak pasaje yo.

XS
SM
MD
LG