Nan Pakistan, otorite yo fè konnen yon operasyon militè yo sispèk lame amerikèn nan lanse vandredi 7 janvye 2010 la, touye 5 militan pou pi piti nan pati nòdwès peyi a.
Daprè menm sous la, yon aparèy telegide lanse 4 misil ki te vize yon machin nan yon rejyon kote tribi ap viv nan pwovens Waziristan Nò.
Obsèvatè yo konsidere rejyon sa a –ki tou prè fwontyè peyi a ak Afganistan--- kòm baz militan mouvman Taliban ak rezo AlQaida a. E se byen souvan li sibi atak ak misil moun sispèk lame amerikèn lanse.