Accessibility links

Breaking News

Yon Antant pou Fèmen tout Aktivite Nikleyè ann Almay Disi 2022


Yon plant nikleyè ann almay
Yon plant nikleyè ann almay

Peyi Almay fè konnen li pral kanpe aktivite nan tout enstalasyon nikleyè yo disi 2022. Almay pral tounen premye gwo pwisans endistriyèl ki abandone aktivite atomik e pou l adopte pito lòt sous pou l jwenn enèji.

Lidè pati yo rankontre nan biwo chanselye Angela Merkel pou mete yo dakò sou antant pou fèmen tout aktivite nikleyè peyi a nan anviwon yon dizèn lane---sa ki reprezante yon repons pou kè sote plizyè plizyè peyi apre dezas ki rive nan peyi Japon an. Responsab yo fè anons la lendi 30 mas 2011 la.

Kowalisyon pati yo dakò sou yon plan pou kanpe pi fò nan 17 enstalasyon nikleyè peyi a disi 2021, men y ap kite 3 an fonksyon pou yon lòt ane pou sizoka t ap vinn genyen pwoblèm nan devlopman enèji a.

Ajan Nouvèl Almand (DPA) rapòte ke pati yo jwenn akò a apre 12 zè negosyasyon ant chanselye Angela Merkel ak lidè kowalisyon pati yo.

XS
SM
MD
LG