Accessibility links

Breaking News

Yon Anplwaye Film 'Rust' la Asiyen Alec Baldwin ak Lot Moun Apre Ensidan Kote Direktè Fotografi a Mouri pa Bal


Avoka Gary Dordick a goch, lonje dwet li tankou si li te yon zam pandan li kanpe bo kote kliyan ni, Serge Svetnoy nan Beverly Hills, eta Kalifoni, 10 Nov. 2021.
Avoka Gary Dordick a goch, lonje dwet li tankou si li te yon zam pandan li kanpe bo kote kliyan ni, Serge Svetnoy nan Beverly Hills, eta Kalifoni, 10 Nov. 2021.

Direktè ekleraj film "Rust" la asiyen aktè Alec Baldwin apre direktè fotografi a, Halyna Hutchins te mouri pa bal pandan tounaj la nan eta New Mexico. Film nan se yon Western.

Pwosè a, ke Serge Svetnoy ap mennen kont vedèt la nan Los Angeles, lanse akizasyon pou di kom kwa se neglijans ki lakoz lanmo a. Svetnoy di ensidan an "boulvèse'l seryezman" e li pap janm ka bliye'l.

Pwosè a vize 2 douzèn moun, pami yo Baldwin, sineyas adjwen ki te ba li zam nan, ak moun ki te responsab pou tout zam yo tap sèvi nan film nan.

Akize yo poko fè komantè sou pwosè a, e yo pa reponn demann Associated Press fè pou yo reyaji.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG