Accessibility links

Breaking News

Yon Aktè Ameriken Montre Sipò l Bay Ansyen Prezidan Aristide


Aktè ameriken Danny Glover (foto achiv)
Aktè ameriken Danny Glover (foto achiv)

Aktè ameriken Danny Glover se dènye selebrite k ap fè presyon pou ansyen Prezidan ayisyen Jean Bertrand Aristide retounen ann Ayiti.

Glover, ki se prezidan gwoup dwazimen Forum TransAfrica, ale jodi a ann Afrik di Sid kote Mesye Aristide ap viv an egzil depi 2004.

Mesye Glover ekri sit entènèt la rezon vwayaj la se pou montre solidarite l ak pèp ayisyen an epi ede lidè yo te eli 2 fwa retounen ann Ayiti.

Etazini mande Mesye Aristide pou l retade vwayaj la akoz krent ki genyen pou retou a pa deranje dewoulman eleksyon ki fikse pou dimanch 20 Mas la.

Mesye Aristide te manifeste entansyonn pou l retounen an Ayiti aprè ansyen Diktatè Jean Claude Duvalier te retounen nan nasyon Karayib la mwa janvye pase a.

XS
SM
MD
LG