Accessibility links

Breaking News

Yon Aksidan Kamyon Tiye 15 Moun Ann Ayiti; Plis ke 2 Douzèn Blese


15 moun mouri e 25 lòt blese nan yon aksidan otobis ki rive madi 27 jiyè 2010 la tou prè Miragwàn (Depatman Lwès la) sou yon distans 90 km ak Pòtoprens.

Komisè lapolis Castro Prévil di aksidan sa pase nan Komin Lacul kote 2 otobis transpò te vin kontre bab pou bab nan yon twonson sere-sere Wout Nasyonal #2 a ki konekte kapital la avèk vil Okay. 11 moun mouri sou plas e 4 lòt trepase pandan yo te sou wout pou y al lopital la.

27 lòt pasaje te ale lopital tou -kèk nan yo te nan kondisyon grav -- e otorite yo di kantite moun ki mouri yo kapab omante.

Komisè Prévil di sa k kòz aksidan an se konpòtman chofè yo ak eta wout la ki p anan bon kondisyon ditou. Se pi gwo aksidan ki rive nan peyi Dayiti depi gwo tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Korespondan nou Clarens Renois ap di nou plis depi peyi Dayiti.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG