Accessibility links

Breaking News

Yon 4èm Karavan Pati Kite vil Tapachula


Mexico Migrant Caravan
Mexico Migrant Caravan

Dimanch 28 novanm yon nouvo karavan fòme malgre pwomès otorite yo fè pou bay imigran yo viza pou yo kapab travay. Karavan nan pran direksyon fwontyè Meksik pataje ak Etazini.

Nouvo karavan sa a ki demare depi dimanch 28 novanm fòme nan espas 48è apre 3èm karavan nan te pati kite Tapachula vandredi 26 novanm.

Lendi 29 novanm imigran yo te rive nan vil Huehuetan swa 25 kilomèt ak tapachula kote yo repoze yo.

Majorite imigran yo se fanmi ki soti nan amerik santral la ak karayib la sitou ann Ayiti k ap kouri kont povrete grangou.

Ricardo Pierre, yon ayisyen deklare rezon ki fè li abandone Stad Olenpik Tapachula a se poutèt pat gen ase otobis transpò disponib pou mennen yo nan kapital la. Konsa li deside mete fen nan soufrans li, "nou pat gen lajan pou n peye lojman e se rezon nou pran direksyon nò tankou etazini pou n jwenn travay".

Depi plizyè mwa, imigran yo ak militan dwazimen pa janm sispann denonse kondisyon nan tapachula ki fè yo sanble ak yon prizonye an libète. Dapre lwa meksiken migran yo dwe tann yo finn analize demand yo-yon pwosesis ki kapab pran plizyè mwa.

Imigran ki pa kapab tann yo tankou Lorenzo Pierre chache lòt estrateji. Li deklare "n ap chache pibon mwayen pou n kite Tapachula akoz nou p ap fè anyen la a, non sèlman n ap depanse lajan ke nou pa menm genyen, nou pa kapab peye lwaye ankò, se rezon sa ki fè nou pran wout la pou n al lòt kote ak espwa n ap jwen pèmi pou n travay".

Lendi 29 novanm nan plizyè milye migran pase plizyè èd tan ap tann andedan stad olympik la otorite meksiken transfòme kòm yon biwo imigrasyon.

Michael, yon ayisyen, deklare mwen gen yon semen depi mwen isit la plis 3 jou nan stad la- sa fè yon total 10 jou. Nou pa gen anyen pou n manje. Nou pa konprann rezon yo fè y ap fè n tann nan kondisyon difisil konsa."

Semen pase a, otorite meksiken yo te transpòte plizyè santèn imigran nan lòt eta nan jefò pou evite fòmasyon lòt karavan. Jiska prezan gen plizyè dizèn milye lòt ki toujou ap tann tou pa yo nan Tapachula nan eta Chiapas.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG