Accessibility links

Breaking News

Yon 2èm Seri Pwotestasyon nan Yemen


Manifestan k ap pwoteste nan Yemen mekride 27 javye 2011 la
Manifestan k ap pwoteste nan Yemen mekride 27 javye 2011 la

Nan peyi Yemen, pliyzè milye sitwayen lanse yon 2èm seri pwotestasyon nan kapital la, Sana, kote y ap mande fen gouvènman Prezidan Abdala Salé a ki sou pouvwa a depi plizyè dizèn dane.

Manifestan yo rasanble plizyè kote jedi 27 janvye 2011 la, san bliye nan inivèsite Sana a, kote y ap reklame yon chanjman rejim.

Plizyè santèn patizan gouvènman an òganize pwòp manifestasyon pa yo nan kapital la pou yo apiye prezidan an.

Misye Salé ap dirije Yemèn depi plis pase 30 tan. Dènye fwa li te ranpòte eleksyon prezidansyèl yo sete an 2007, e yon pwopozisyon ki mande pou yo amande konstitisyon an byen kapab pèmèt li kontinye rete sou pouvwa a lè manda li pran fen an 2013.

Nan kòmansman semèn sa a, aprè plizyè jou manifestasyon, Prezidan Sale te pwopoze yon ogmantasyon nan lajan anplwaye leta ak manm lame a ap tpuche.

XS
SM
MD
LG