Accessibility links

Breaking News

Yemèn : Mesaj Prezidan Ali Abdala Sale pou Pèp Peyi li


Ali Abdalla Sale
Ali Abdalla Sale

Nouvèl ki sòti Yemèn fè konnen jedi 7 jiyè 2011 la, Prezidan Ali Abdalla Sale parèt nan televiyon pou la premyè fwa depi li te ale nan peyi Arabi Sawoudit kote l ap resevwa tretman pou blese li te sibi nan yon atak ki te fèt sou palè prezidansyèl la mwa jen pase a.

Nan yon mesaj ki te anrejistre davans, Misye Sale di li deja sibi plis pase 8 operasyon ki reyisi nan yon lopital nan kapital Arabi Sawoudit la, Riyad.

Nan mesaj tou kout sa a, lidè yemenit la pa di anyen ki ta montre li dispoze kite pouvwa a.

XS
SM
MD
LG