Accessibility links

Breaking News

Yon Kopi Orijinal Konstitisyon Ameriken Vann pou $43 Milyon


 Une copie originale extrêmement rare de la constitution américaine a été vendue le 18 novembre 2021 pour 43 millions de dollars - un record mondial pour un document historique aux enchères, a déclaré Sotheby's. Cette photo d'archive prise le 17 septembre
Une copie originale extrêmement rare de la constitution américaine a été vendue le 18 novembre 2021 pour 43 millions de dollars - un record mondial pour un document historique aux enchères, a déclaré Sotheby's. Cette photo d'archive prise le 17 septembre

Sotheby's vann yon kopi Konstitisyon Etazini an ki te siyen 17 septanm 1787 nan Philadelphia pou $ 43 milyon dola nan yon vant ozanchè piblik nan New York. Vant sa ap rete nan istwa kòm dokiman ke yo achte pi chè nan yon vant piblik.

Yon pòtpawòl pou Sotheby di AFP ke sa a se yon "rekò mondyal kote yon dokiman istorik te rive vann nan pri sa" pri egzak la se "43.2 milyon dola "enkli tout komisyon.

Dokiman an vann pou ede yon fondasyon

Dapre Art News, kopi a te vann pa yon filantrop nan New York ki rele Dorothy Tapper Goldman. Dokiman sa se youn nan 11 kopi dokiman fondatè Etazini yo ki toujou egziste.

De soumisyonè te rankontre nan telefòn pou yo konn kiyes nan yo ki ap met la pat sou dokiman sa, pri orijinal la se te $15 milyon dola. Youn nan soumisyonè yo ofri $ 41 milyon dola, plis pase doub sa Sothebys te prevwa poul te vann kopi dokiman an.

Dokiman an ki vann lan pral benefisye yon fondasyon omonim ke nouvo pwopriyetè a genyen, ki fè edikasyon ki gen rapò ak istwa konstitisyonèl peyi a.

Fans cryptomonnaie rate acha a

Yon gwoup envestisè kript ki te anvi achete kopi Konstitisyon an, te ranmase $ 40 milyon nan espwa ke yo tap jwenn li.

Men dokiman an te vann pou $ 43 milyon dola.

Gwoup envestisè kript la te di CNN "Menmsi se pa sa nou te espere a, dokiman an toujou fè istwa l aswè ".

Dorothy Tapper Goldman te kenbe kopi sa depi an 1997, apre lanmò mari l, Harry Goldman, ki te achte l nan men Sotheby's pou 165,000 dola an 1988.

Anvan lanmò li, Harry Goldman te prete Lakou siprèm kopi a pou yon ane, yon dat ki te kowenside ak bisantnè ratifikasyon Konstitisyon an ki se 1987.

Edisyon 1787 la se tèks final Konstitisyon an ki te enprime epi soumèt bay Kongrè a. Yo te enprime prèske 500 kopi, byenke sèlman se kek selman ki egziste jodi a.

Sotheby's pral vann prèske 80 lòt dokiman istorik ki fè pati koleksyon Goldman nan fen mwa novanm nan New York.

Yon lòt gwoup objè ki ra ki nan koleksyon filantwòp Sotheby a pral disponib pou yon vant piblik ki ap sou entènèt soti 23 novanm rive 2 desanm.

XS
SM
MD
LG