Accessibility links

Breaking News

Xavi Vin Sove FC Barcelone


Newly-appointed FC Barcelona's Spanish coach Xavi Hernandez poses for pictures during his presentation ceremony at the Camp Nou stadium in Barcelona on November 8, 2021. (Photo by LLUIS GENE / AFP)
Newly-appointed FC Barcelona's Spanish coach Xavi Hernandez poses for pictures during his presentation ceremony at the Camp Nou stadium in Barcelona on November 8, 2021. (Photo by LLUIS GENE / AFP)

Xavi Hernandez, youn nan ikon Barça, tounen lakay li nan "Camp Nou" pou vin ofisyèlman nouvo antrenè ekip FC Barcelone, ki "nan yon sitiyasyon difisil", kote li espere ede ekip la soti nan sitiyasyon sila pi vit posib.

Xavi, nonmen antrenè Barça nan Samdi apre li te kite ban an pou klib Qatari Al-Sadd. "Mwen pral tounen lakay mwen, mwen konnen ke nou nan yon sitiyasyon difisil, ekonomikman," misye deklare.

Teknisyen katalan an siyen kontra li ak klib Barcelone nan pou jis jen 2024. Misye te fè bèl mèvèy ak ekip sa a le li te jwe pou li soti 1998 pou rive 2015.

Apeprè 10,000 moun te bat bravo pou retou Xavi nan klib la. Misye te genyen kat Lig chanpyon ak uit chanpyona Ligas avèk ekip la.

Joan Laporta prezidan klib la di "Jodi a se yon jou istorik pou Barça," li te toujou di ke Xavi ap vini "lè klib la plis bezwen li".

XS
SM
MD
LG