Accessibility links

Breaking News

Wonm Barbancourt, Fyète Nasyonal Ayiti, Rekoumanse Pwodiksyon li


Wonm Barbancourt, Fyète Nasyonal Ayiti, Rekoumanse Pwodiksyon li
Wonm Barbancourt, Fyète Nasyonal Ayiti, Rekoumanse Pwodiksyon li

Thiérry Gardère, se katriyèm jenerasyon pwopriyetè e jestyonè (manadjè) fabrik Rhum Barbancourt a nan Pòtoprens, Ayiti. Gardère fè konnen sa ka pran katran pou l' konpanse pèt li fè nan tranblemand'tè a, men li di "Babankou" pèdi plis pase aktivite komèsyal li nan katastwòf la. "Nou pèdi 2 anplwaye ou plis ki mouri lakay yo.

Wonm "Babankou" (Rhum Barbancourt) youn nan pwodui ayisyen zòt plis konnen e ki vann pi plis nan peyi etranje—senbòl fyète nasyonal Ayiti—retounen sou mache a, 5 mwa apre tranblemand'tè a. Dupré Barbancourt, yon fabrikan cognac Franse, te distile wonm nan pou premye fwa nan Pòtoprens nan ane 1860.

Malgre tout evènman ki sakaje Ayiti pandan 150 dènye ane yo, Babankou pat janm sispann ponpe wonm mete nan boutèy. Men andirans (ann di rekò sa a) ta pral bwa-chat 12 janvye 2010 la. Distilri a te sibi anpil dega–gwo dega. Apre plizyè mwa reparasyon, Rhum prisé Ayiti a retounen pou taye-banda e bay payèt.

Thiérry Gardère, se katriyèm jenerasyon pwopriyetè e jestyonè (manadjè) fabrik Rhum Barbancourt a nan Pòtoprens. Nan lemond antye, amatè yo konsidere "Babankou" kòm youn nan pi bon wonm ki genyen sou latè beni. Diktatè sou diktatè, siklòn sou siklòn pase sou Ayiti, youn pat janm resi kanpe fabrik la ni fese l' atè. Men nan mwa janvye pase a gen yon evènman ki resi depase konpayi a e ki fòse l' sispann pwodui wonm. Jou sa a, sekous latè a pimpe rak barik 100 galon, plen wonm, (ladan yo, wonm ki t'ap vyeyi depi kenzan) al kraze sou glasi. Wonm te gaye toupatou e (N.D.L.R) tout ginen ki te swaf yon kout tafia, te bwè pou yo sou.

Kounye a, misye Gardère di l'ap eseye repare barik sa yo. Li di li preske finn repare 4. "Bagay yo ap retounen nan plas yo, piti-piti, men y'ap retounen". Gardère estime li pèdi apeprè 4 milyon dola—yon tyè nan lavant li fè chak ane. "Nou genyen anviwon 400 ti fèm, ti fèm piti, ki vann nou kann, li fè remake.

Wonm "Babankou" fèt ak ji kann, pa avèk melas. Nan ane 1862, Dupré Barbancourt te mete opwen yon fòmil pou distile wonm menm jan yo distile cognac. Apre, li kite wonm nan vye nan barik bwad'chèn li te fè vini dirèkteman sòt nan peyi Lafrans.

Thiérry Gardère kòmande nouvo barik sou kontinan ewopeyen an pou ranplase sa ki sibi dega ou ki kraze nan tranblemand'tè a. "N'ap prepare yo e n'ap teste yo ak dlo. Apre, nou pral' mete yo nan rak ankò e plen yo ak wonm", Gardère di.

"Babankou" pwodui plis pase 300.000 kès wonm chak ane. Li vann apeprè 20 pousan ladan yo sou mache ameriken an. Gardere fè konnen sa ka pran katran pou l' konpanse pèt li fè nan tranblemand'tè a, men li di "Babankou" pèdi plis pase aktivite komèsyal li nan katastwòf la. "Nou pèdi 2 anplwaye ou plis ki mouri lakay yo. E genyen anpil ki pèdi fami yo, pitit ou paran yo. E mwen dwe ajoute 40 pousan nan anplwaye nou yo pèdi kay yo".

Fondasyon Barbancourt, ki finanse òganizasyon ki pa la pou fè pwofi, sibi pèt tou. Fondasyon an genyen baz li nan zòn Croix-des-Missions ki chaje faktori alantou li. Fondasyon an amenaje yon teren baskètbòl e li enstale "panneaux solaires" pou bay kouran ak limyè. Li fouye pi atezyen pou bay dlo. Apre evènman 12 janvye a, moun k'ap viv nan rejyon an te monte sou teren baskètbòl la.

Jean-Marc Clairmont se responsab enstalasyon spòtif la. Li te rele Gardère pou eksplike l' sitiyasyon an. "Teren an se pwopriyete Fondayon Barbancourt. Apre tranblemand'tè a, se mwen ki te ale kote li (Gardère) pou mwen di li moun anvayi teren an. Li pat fè anyen kont sa. Sa'l fè, li telefone kèk zanmi pou ede'l jwenn kèk tant pou yo".
Kounye a, genyen 2 mil moun kap viv la a. Fondasyon an peye pou bay sekirite 24 trè sou 24. Madan Mauril Désir, ki te pèdi kay li, di li rekonesan anpil pou sa misye Gardère fè a. "Misye Gardère fè anpil bon bagay pou nou. Li kite nou rete la a, li bay sekirite pou pwoteje nou, yon fason pou n' ka dòmi sou de zòrye nou, nan lapè, san kè sote", dapre madan Désir.

Gardère di sa kapab pran katran pou pwodiksyon wonm "Babankou" retounen nan stad li te ye anvan tranblemand'tè a.
Konpare ak lòt fabrikan wonm yo, (tankou Bacardi, pa egzanp) Barbancourt se yon ti konpayi; men wonm gran pri sa a chaje ak amatè e ak fanatik fidèl nan milye entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG