Accessibility links

Breaking News

Depite Frederica Wilson (D-Florid) Manisfeste Solidarite Li avèk Ayisyen yo


Depite demokrat Eta Florid, Frederica Wilson. (Foto: 23 septanm 2021).
Depite demokrat Eta Florid, Frederica Wilson. (Foto: 23 septanm 2021).

Sete yon okazyon pou Madam WiIson montre kijan imaj sa yo deranje li e li lanse apèl bay administrasyon Biden nan pou mande l fè efò pou l pwojte yon lòt figi Lèzetazini nan lemond.

Nan Miyami, pi presizeman nan katye Little Haiti (Ti Ayiti), depite ameriken Frederica Wilson te rankontre ak laprès, nan jounen jedi 23 septanm 2021 an, pou l te bay opinyon li sou sitiyasyon an nan zòn Del Rio, o Tegzas, kote laprès toupatou nan peyi a ak rès mond la montre imaj gad fwontyè ameriken k ap maltrete migran ayisyen ki te rive nan zòn nan an pasan pa Meksik. Sete yon okazyon pou Madam WiIson montre kijan imaj sa yo deranje li e li lanse apèl bay administrasyon Biden nan pou mande l fè efò pou l pwojte yon lòt vizaj Lèzetazini nan lemond. Nan menm apèl sa a, Depite Wilson mande Prezidan Biden chache mwayen pou l rezoud pwoblèm imigrasyon ayisyen yo ap konfwonte.

Klike sou lyen ki vini apre a pou w suiv yon repòtaj Serge Michel.

Depite Frederic Wilson mande Prezidan Biden chache rezoud pwoblèm migran ayisyen yo ap konfwonte.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:34 0:00

XS
SM
MD
LG