Accessibility links

Breaking News

Wikileaks: Pa Gen Libète Sou Kosyon Pou Julian Assange


Wikileaks: Pa Gen Libète Sou Kosyon Pou Julian Assange
Wikileaks: Pa Gen Libète Sou Kosyon Pou Julian Assange

Nan vil Lond, peyi Angletè, yon tribinal rejte demand fondatè sit-entènèt Wikileaks, Julian Assange, te fè pou lajistis libere li sou kosyon nan moman misye ap lite kont yon demand ekstradisyon otorite anglè yo resevwa nan men peyi Laswèd, kote Julian Asange ap fè fas ak akizasyon deske li ta komèt vyolasyon seksyèl.

Tribinal la pase lod pou yo kenbe misye nan prizon rive jous nan dat kote li gen pou l konparèt devan yon jij, swa nan dat 14 desanm pwochen.

XS
SM
MD
LG