Accessibility links

Breaking News

Lamezon Blanch: 'Enfòmasyon Izrayèl sou Pwogram Niklyè Iran an "Enkontounab"


Pòt Pawòl Lamezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders
Pòt Pawòl Lamezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders

La Mezon Blanch byen akeyi nouvo enfòmasyon Izrayèl devwale sou pwogram nukleyè Iran an, enfòmasyon li konsidere kòm enkontounab, menm si reponsab gouvènmantal yo pa rive lage akizasyon vyolasyon akò nikleyè 2015 la sou do Teheran.

Responsab ameriken yo ap pase revize yon pakèt dokiman, chart, plan, foto ak videyo sèvis ransèyman izrayelyen genyen sou kesyon an, e yo presize materyèl eta jwif la devwale yo, se materyèl otantik e yo antre nan menm kategori ak enfòmasyon sèvis sekrè ameriken te deja kolekte sou pwogram nikleyè Iran an pandan plizyè lane.

Pou sak konsène pòtpawòl Lamezon Blanch la Sarah Huckabee Sanders, li di: "Enfòmasyon Izrayèl yo pote nouvo detay sou efò repiblik islamik- a ap fè pou fabrike zam atomik lakay li.

XS
SM
MD
LG