Accessibility links

Breaking News

Sèten Pinèz Sanble Gen Jèn Ki Pwoteje yo Kont Pestisid


Foto yon pinèz ki plen san anndann apre li finn souse po yon moun.
Foto yon pinèz ki plen san anndann apre li finn souse po yon moun.
  • Antomolojis ameriken (espesyalis kap etidye vye bèt akrekre) nan Ohio State University konpare yon souch pinèz ke elve nan yon labowatwa ak yon lot souch yo kolekte ki enfeste nan yon apatman tou prè inivèsite a.

Nan yon atik li pibliye nan jounal Public Library of Science la, chèchè yo di yon identifye yon seri jèn nan pinèz yo ki sanble pwoteje insèk la kont pestisid.

Ekip la di etid la pral ede ekspè yo jwen pi bon metod pou yo tiye bèt nuizib sa a..

Popilasyon pinèz la grandi a 500% atravè lemond pandan 10 zan ki sòt pase yo. Ekspè yo lage responsablite a sou faktè tankou vwayaj entènasyonal ak moun kap itilize mèb dezyèm (mèb pè-pè) zòt deja itilize.

XS
SM
MD
LG