Accessibility links

Breaking News

Chèchè yo Dekouvri yon Tretman ki ka Ede Cheve Pouse


Chèchè yo Dekouvri yon Tretman ki ka Ede Cheve Pouse
Chèchè yo Dekouvri yon Tretman ki ka Ede Cheve Pouse

Yon gwoup espesyalis nan Inivèsite Kalifòni nan Los Angeles ak Depatman Ameriken ki okipe Zafè Veteran yo te travay sou yon seri sourit yo te modifye jenetikman pou yo te pwodui yon òmonn ki rele an anglè “Corticophin-releasing Factor” an abreje CRF.

Pandan bèt sa yo t ap grandi, yo te soumèt yo anba yon strès kwonik ki te fè yo pèdi tout plim ki te sou do yo, menm jan moun pèdi cheve yo lè yo anba gwo strès. Chèchè ki te nan tèt eksperyans sa a, Millin Mulugetam, di anketè ki evalye etid sa a finn pa wè yio te enjekte nan sourit sa yo yon pwodui chimik ki rele “astressin-B” ki vinn bloke efè CRF la, sètadi òmonn ki bay strès la.

Misye Mulugeta di chèchè yo te vle wè si tretman an tap modifye sentòm nan, sètadi diminye doulè ak kranp li abitye pwovoke. Li pale pou l di –nap site :

“Nou kite sourit yo nan kaj yo e nou retounen 3 mwa aprè ; tout sourit ki te resevwa òmonn nan, yo tout te gen plim yo repouse sou do yo”

Espesyalis Million Mulgeta kontinye pou l di 4 mwa aprè sa, plis ki sou do sourit yo pat montre okenn siy ki te ka fè wè kantite yo te diminye. Konyela a sanvan yo ap eseye jwenn ki òmonn ki bay estrès e ki fè cheve moun tonbe pou yo kapab devlope yon tretman ki pap deranje sistèm andokrinyen yo.

Annatandan yo eseye sou moun tretman ki anpeceh cheve yo tonbe, Misye Mulgeta gen espwa esperyans sa a va pote bon rezilta.

XS
SM
MD
LG