Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Direktè Nasyonal Dlo Potab la Pa Satisfè de Sèvis Popilasyon an Ap Resevwa Apre yon Vizit li Fè nan Kèk Sit Kaptaj


Yon repòtaj Florence Lisené sou vizit nan sous dlo potab nan Pòtoprens
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:26 0:00

Yon repòtaj Florence Lisené sou vizit nan sous dlo potab yo nan Pòtoprens

Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman an nan Pòtoprens antame yon seri vizit gide ak laprès pou evalye kondisyon Sant Teknik Eksplwatasyon Dlo ki nan divès lokalite nan zòn metwopolitèn nan.

Al gade eta kèk sous dlo tankou: sous Kowosòl, Tinèl, Dikini ak Kafou a se premye etap nan seri vizit gide sa yo, ki vize enfome popilasyon an sou travay k ap fèt pou pèmèt dlo rive nan tiyo lakay yo.

Vizit gide sa a te pèmèt moun wè travay k ap fèt sou 3 sit kaptaj sant teknik eksplwatasyon yo. Kisa ki deja fèt, ki eta CTE yo ye, kisa ki rete pou fèt? Se te objektif vizit sa daprè direktè jeneral Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman an, Guito Edouard. An mèm tan tou Mesye Edouard di li pa satisfè de sèvis popilasyon an ap resevwa a aprè konsta li nan kad premye seri vizit sa yo.

Responsab la pwomèt pou franchi dezyèm etap la ki se vizit sit foraj yo, avan lontan.

3 sit ke nou vizite yo, a savwa tinèl Dikini an gen yon kapasite 33 mil 720 mèt kib dlo, Mesye Edouard ajoute.

Responsab ajans kafou yo, Emmanuel Molière ak responsab sant dikini an, Aslain Apollon sou bò pa yo, te pwofite pote kèk enfòmasyon teknik sou kote sit yo alimante. Kontrèman ak sa anpil moun ta panse, sit kafou a pa alimante sèl komin sa a. Pandan yo site divès kote sit sa alimante nan dlo, responsab yo te pwofite ekspoze kapasite kèk sistèm.

Tankou yo toujou di sa a, dlo se lavi men tou dlo ka tounen pwazon rapidman. Se pou rezon sa a responsab yo ankouraje popilasyon an trete dlo yap konsome. Toutfwa direksyon nasyonal dlo potab la pa antann rete sou bòn volonte konsomatè yo sèlman. Se pou tèt sa a yo mande konkou ministè enteryè ak kolektivite teritoryal, minis anviwonman pou ede yo pwoteje sous natirèl yo.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou kab suiv yon repòtaj Florence Lisenè sou vizit evalyasyon nan 3 sous ramasaj dlo potab yo nan zòn metwopolitèn nan.

XS
SM
MD
LG