Accessibility links

Breaking News

Washington Ofri Ayiti Ed li Pandan Tanpèt Tomas Menase Peyi a


Depatman Deta fè sitwayen ameriken yo konnen gen gwo chans pou Tanpèt Twopikal Tomas pote gwo van ak anpil lapli sou peyi d Ayiti, pita nan semèn sa a. Menmsi Sant Nasyonal Ouragan Etazini an klase Tomas kòm yon sistèm ki desann nan kategori tanpèt twopikal olye de yon siklòn kategori 1, sant la fè konnen move tan an ka repran fòs pandan l ap vanse nan direksyon lwès. Dapre kalkil Sant Nasyonal Ouragan an, Ayiti ta kapab kòmanse santi efò Tomas, tankou gwo van ak lapli, bò jedi 4 novanm nan.

Yon avètisman Depatman Deta te pibliye 24 jen 2010 la sou vwayaj ann Ayiti toujou an vigè. Li konseye sitwayen ameriken yo pou yo evite ale ann Ayiti akòz enfrastrikti peyi a ki limite ak mank sèvis de baz yo. Menm tanpèt ki pat rive nan kategori siklòn te koze dega pasi-pala e pran lavi moun nan peyi Dayiti nan ane ki sòt pase yo. Sepandan, sitwayen ameriken ki gen pwojè ale ann Ayiti ta dwe rete tann tanpèt twopikal sa a fin pase. Alèt Depatman Deta sa a sou vwayaj ann Ayiti valab pou jiska 10 novanm 2010 la. Pou plis enfòmasyon, nou kapab vizite sit Web Depatman Deta.

Yon lòt kote, nan yon deklarasyon Pòtpawòl Depatman Deta P.J Crowley fè madi 2 novanm 2010 la, li raple avètisman Etazini pibliye pou sitwayen Ameriken ki ta vle vwayaje al ann Ayiti yo e li fè konnen Washington ap kontinye suiv evolisyon sitiyasyon an ak move tan k ap pwoche sou peyi a.

Mesye Crowley di, Etazini kontinye ap suiv trajektwa Tanpèt Twopikal la. Li fè konnen gen 20 ekspè ki sou teren an. Gouvènman ameriken an ap kolabore ak gouvènman ayisyen an e lòt sektè, pou prepare teren an e limite dega ki ta kapab fèt. Sa vle di netwaye kanal, fè drenaj, bay popilasyon ayisyèn nan enfòmasyon sou nesesite pou l chache abri ki ofri sekirite nan sant kominotè, nan legliz e kay fanmi ki gen lòjman solid.

Pòtpawòl Deta P.J. Crowley kontinye pou li raple k Lèzetazini deja pase lòd pou bato de gè USS IWO JIMA pran direksyon peyi Dayiti ak elikoptè e lòt aparèy pou bay kout-men ki nesesè.

XS
SM
MD
LG