Accessibility links

Breaking News

Washington, D.C, Pennsylvanie, New-Jersey, Nouyòk Ap Ret Tann Siklòn Irène


Washington, D.C, Pennsylvanie, New-Jersey, Nouyòk Ap Ret Tann Siklòn Irène
Washington, D.C, Pennsylvanie, New-Jersey, Nouyòk Ap Ret Tann Siklòn Irène

Siklòn Irène antre sou tè ak fòs nan Eta Kawolin di Nò nan pati sidès Etazini, kote li koumanse ap simaye dega sou kot ès peyi a.

Otorite ameriken yo fè konnen 3 moun pèdi lavi yo nan Kawolin Di Nò e youn nan Virginie.

Irène vini ak van ka p soufle ak yon vitès 140 kilomèt alè pandan la p bat kòt-ès Etazini an ak gwo lapli.

Tanpèt la deja derasinen pye bwa atè, inonde lari e pwovoke blakawout lakay plizyè dizèn milye moun.

Douvan jou samdi 27out la, espesyalis météo ka p swiv evolisyon sistèm sa yo nan Sant Nasyonal Ouragan an nan Miami degrade Irène pou mete l nan kategori 1 ak van ka p 150 kilomèt alè. Men yo kontinye avèti tanpèt la ka rete yon siklòn pandan la p vanse sou zòn peple anpil yo alantou kapital amerikèn nan, Washington D.C.

Gen yon avètisman kont siklòn pou Nouyòk ak anpil kote sou kòt-ès Etazini an. Prezidan Barack Obama kalifye Irène kòm “yon tanpèt ekstrèmman danjere e ka p koute anpil lajan”.

Bagay moun pat janm fèt anvan nan vil Nouyòk, majistra kominal Michael Bloomberg òdone tout moun kite kay yo vit-e-prese. 250 mil moun resevwa lòd pou yo kite kay yo nan zòn anba lavil la, tankou nan distri finansye Wall Street la. Lòt bagay ki fèt pou premye fwa ankò nan Nouyòk, tout sistèm transpò piblik vil la, tankou tren ki pase anba tè ak otobis ap sispann fonksyone jodi a. Tou le 3 gran ayewopò Nouyòk yo ap fèmen tou nan mitan jounen an. Konpayi avyon yo anile plizyè santèn vòl sou kòt-ès la, e sèvis tren nan rejyon an sispann travay.

XS
SM
MD
LG