Accessibility links

Breaking News

Washington DC: Manifestasyon Anti-COVID


HEALTH-CORONAVIRUS/USA-RALLY
HEALTH-CORONAVIRUS/USA-RALLY

Plizyè milye manifestan ki kont obligasyon pou mete mask avek pou moun vaksinen an te defile sou plas Mall la nan Washington DC yè dimanch la pou leve vwa yo kont politik administrasyon Biden nan pou oblije moun mete mask e vaksinen kont COVID-19.

Yo te reyini nan baz moniman Washinton nan epi yo te mache pou yo ale nan monuman Lincoln nan . Manifestan yo te pote pannkat sou Mall la ki make: Fe lanmou, pa obligasyon “Kontrent se pa chwa”.

COVID-19 touye plis pase 860,000 moun nan Etazini e plis pase 5 milyon 500,000 nan mond lan pandan 2 zan pandemi an e li peze lou sou ekonomi an.

Nan dat 13 janvye pase, Lakou Siprèm Etazini te bloke obligasyon Prezidan Joe Biden kont COVID-19 ki mande pou gwo konpayi yo fè anplwaye yo vaksinen oubyen fè tès ---yon politik jij konsevatè yo te konsidere kom yon obligasyon ki pa korèk sou lavi ak sante anpil ameriken –tandiske jij yo apwouve yon obligasyon federal pou anplwaye nan enstalasyon swen sante yo vaksinen.

Anpil konpayi ameriken te aplike politik obligasyson pou moun mete mask la pou proteje anplwaye yo menm jan ak anpil biwo lakomin ak òganizasyon kiltirèl.

XS
SM
MD
LG