Accessibility links

Breaking News

MINUSTAH - Sekirite Pou Eleksyon 28 Novanm 2010 la


Youn nan kesyon sansib nan yon eleksyon nan peyi d’Ayiti nse zafè sekirite a : sekirite pou kandida ak elektè; sekirite pou pèsonèl biwodvòt yo ak sekirite pou materyèl yo. Nan yon konferans pou laprès Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) bay nan Pòtoprens, li bay detay sou yon plan sekirite pou pèmèt pwosesis elektoral la abouti dabò, epi pou eleksyon dimanch yo dewoule kòmsadwa. Edmund Mullet, chèf sivil misyon an, di nan tèt-kole ak PNH (Polis Dasyonal Dayiti) MINUSTAH mete sou pye yon gwo mouvman mobilizasyon:

Nan okazyon konferans pou laprès sa a, mesye Mullet te gen avè l 2 jeneral Nasyon Zini k ap patisipe depi kèk jou nan yon plan sekirite pou eleksyon yo: se jeneral Somon ak jeneral Cruz. Jeneral Somon pale antwot sou yon “selil deteksyon“ ak itilizasyon koulè pou klase yon seri de risk ki lye ak biwodvòt yo .

Dapre Jeneral Somon, plan sekirite sa a se rezulta yon travay nan tèt kole ant konposant militè e polisye Nasyon Zini ak PNH ki gen nan tèt li i Mario Andresol. Jeneral Solon pale tou de yon ribrik fòmasyon ki konplete travayla. Li tou pwofite raple sekirite nan eleksyon yo se pa travay Polis Nasyona la ak MINUSTAH sèlman; se zafè tou lidè politik yo ak elektè yo. Li fini pou l di "vyolans pa mache ak demokrasi."

XS
SM
MD
LG