Accessibility links

Breaking News

Vyolans O Meksik


Sekretè Sekirite Etazini an Janet Napolitano (foto achiv)
Sekretè Sekirite Etazini an Janet Napolitano (foto achiv)

Yon ajan imigrasyon ak ladwann ameriken mouri e yon lòt pran bal nan bra ak nan janm pandan yon atak ki dewoule nan peyi Meksik.

Ajans k ap fè respekte lwa imigrasyon ak la Dwann, ke yo konnen sou non abreje “I-C-E” fè parét yon deklarasyon ki fé konnen 2 ajan li yo te pran bal pandan yo t ap fè travay yo nan aprè midi 15 fevriye 2011 la; lè sa a yo te nan yon machinn ki t ap soti ant vil Meksiko pou mennen yo vil endistriyèl Monterrey ki nan nò Meksik.

Otorite Meksiken yo di 2 ajan yo te estasyone machinn nan nan sa ki sanble ak yon pòs enspeksyon militè, men sanble se yon zatrap trafikan dwòg yo te enstale; paske lame di li pa gen okèn pòs enspeksyon nan zòn sa a.

Minis sekirite teritoryal ameriken an, Janet Napolitano, pibliye yon kominike kote li eksprime gwo tristès li pou sa k rive a e li pwomèt otorite meksiken -k ap mennen ankèt sou ensidan an, tout apwi depatman ni an. Li ajoute Lezetazini kontinye apiye efò Meksik ap fè pou l konbat vyolans sou fwontyè li yo.

XS
SM
MD
LG