Tout vòl avyon sispann nan ayewopò Sana’a, kapital Yemen, nan moman afwontman yo ap vale teren ant twoup gouvènman an ak nèg tribi ame.
Nouvèl ki sòti nan Yemen fè konnen tout aktivite kanpe nan ayewopò a akòz konba k ap dewoule pi pre enstalasyon an kounye a.
Plizyè milye nèg tribi ak zam, dapre enfòmasyon k ap sikile, ap vanse nan direksyon Sana’a pou y al pote-kole nan lit kont fòs gouvènmantal yo.
Fòs gouvènman an, selon kèk sous, sanble ta bonbade pozisyon twoup k ap apiye lidè tribi Cheik Sadeq al-Ahmar ki pran pozisyon nan katye Hasaba, nan rejyon kapital la, Sana’a.
Otorite yo fè konnen 41 kretyen-vivan (nan 2 kan yo) ta pèdi lavi yo nan konba ki dewoule nan nuit madi pou louvri mèkredi 1 jwen 2011 la.
Nan Taiz, yon vil nan sid Yemen, twoup yo tire sou manifestan k ap reklame demisyon Prezidan Ali Abdullah Saleh sou pouvwa a ak yon fen nan rejim li an. Omwen 25 moun, pou pi piti mouri, nan akwochay ki dewoule nan Taiz pandan jou pase yo.