Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Siri Kontinye fè Viktim


Antèman viktim vyolans nan Siri (AP Photo/SANA)
Antèman viktim vyolans nan Siri (AP Photo/SANA)

Medya ak militan anti-gouvènmantal nan Siri fè konnen omwen 10 moun mouri lè fòs sekirite te ouvè kout zam sou popilasyon sivil la nan vil Homs.

Yo presize 3 nan viktim yo mouri anba kout bal nan moman yo t ap asiste lantèman moun ki te mouri nan afwontman lendi 18 jiyè yo.

Vil Homs tounen teyat kote anvil zak vyolans ap dewoule depi nan wikenn nan pandan prezidan siryen an, Bashar al-Assad, kontinye operasyon sere-boulon kont advèsè gouvènman an.

XS
SM
MD
LG