Otorite Meksiken yo fè konnen semèn pase a yo te jwenn yon militant anti-krim mouri ansasinen ak men li koupe nan Ciudad Juarez.
Otorite yo idantifye viktim nan kòm Susana Chavez, yon militant ki t ap eseye attire atansyon sou ansasina plizyè santèn moun—pifò nan yo se jèn fi pòv—nan vil la ak pa lòt bò fwontyè Etazini, nan rejyon El Paso, Eta Tegzas.
Ajans Nouvèl Associated Press rapòte otorite yo arete 3 moun yo sispèk kòm manm gang dwòg pou ansasina miss Chavez la.