Accessibility links

Breaking News

Omwen 22 Moun Mouri nan yon Eksplozyon nan Irak


atak sa a dewoule nan yon pòs enspeksyon polis tou prè kay gouvènè lokal la, sou yon distans anviwon 150 kilomèt o sid kapital la, Bagdad
atak sa a dewoule nan yon pòs enspeksyon polis tou prè kay gouvènè lokal la, sou yon distans anviwon 150 kilomèt o sid kapital la, Bagdad

Otorite yo nan Irak fè konnen 2 machin pyeje eksploze nan vil Diwaniya kote 22 moun omwen mouri tandiske 30 lòt blese.

Daprè menm sous la, atak sa a dewoule madi 21 jen 2011 la nan yon pòs enspeksyon polis tou prè kay gouvènè lokal la, sou yon distans anviwon 150 kilomèt o sid kapital la, Bagdad.

Non gouvènè a se Salim Hussein Alwan ; misye pa gen anyen. Otorite yo kontinye pou yo di omwen yon kamikaz te patisipe nan atak la, ki se youn nan plizyè atak ak bonm ki fèt sou tèritwa irakyen an.

Pandansetan, lòt kote nan Irak --san bliye kapital la, Bagdad-- 4 moun pèdi lavi yo nan eksplzoyon bonm, tandiske 16 lòt blese.

Depi ane 2006 ak 2007, vyolans la fè yon bese nan peyi a. Sepandan yon nouvo seri move zak ki frape menm biwo leta bay moun kè-sote e y ap poze kesyon pou mande si ensekirite a pa pral ogmante nan moman Lèzetazini ap fè preparasyon pou l wete tout twoup militè l yo anvan fen ane 2011 la.

XS
SM
MD
LG