L’OTAN fè konnen li touye youn nan lidè yon rezo teworis ki rele Haqqani e k ap opere nan Afganistan.
Yo sispèk nèg sa a, ki rele Ismail Jan, te ede militan ki te lanse atak sou yon otèl nan Kaboul, kapital peyi a, madi 28 jen 2011 la.
Nan yon deklarasyon l’OTAN pibliye jedi 30 jen an, li di li touye Ismail Jan ak plizyè konbatan rezo a nan yon atak ayeryen ki dewoule nan pwovens Paktiya, tou pre fwontyè Afganistan ak Pakistan.