Accessibility links

Breaking News

Vyolans la ap Kontinye nan Yemen


Vyolans la ap Kontinye nan Yemen
Vyolans la ap Kontinye nan Yemen

Nan Yemen, temwen nan kapital peyi a, Sana’a di sòlda gouvènman an bonbade yon bilding gouvènman an kote yo sispèk ofisye lame a chanje kan, yo al fè pati opozisyon an.

Bonbadman sa a fèt pandan lese-frape t ap dewoule nan kapital la ant sòlda ki an favè gouvènman an ak sa yo ki fidèl anvè Sheik Sadeq al-Ahmar, yon chèf tribi opozisyon an.

Responsab medikal yo ak temwen yo di omwen 9 moun mouri nan batay ki fèt madi 31 me 2011 la ak mèkredi 1er jen 2011 la.

Nan vil Taiz nan sid Yemen, fòs sekirite yo tire sou manifestan anti-gouvenmantal yo ; yo touye 4 moun. Omwen 25 lòt moun mouri nan vyolans nan Taiz nan jou ki pase yo.

XS
SM
MD
LG