Accessibility links

Breaking News

Vyolans la ap Kontinye nan Libi


Vyolans la ap Kontinye nan Libi
Vyolans la ap Kontinye nan Libi

Nan Libi, lidè peyi a, Muammar Gaddafi, ranfòse gwo ponyèt li sou kapital la, Tripoli, nan moman mouvman anti-gouvènmantal la ap chache ranfòse tou kontwòl li sou prèske tout mwatye lès peyi a.

Byen bonè mèkredi 23 fevriiye 2011 la, yon operasyon sere-boulon fòse manifestan yo kouri kite lari yo nan Tripoli, kote abitan yo di kout-zam ap pati tribò-pabò, tandiske moun ka wè kadav tout patou atè a.

Aprè misye Gaddafi fin fè yon diskou nan televizyon madi 22 fevriye 2011 la, plizyè milye patizan n yo te vide sou prensipal plas piblik ki nan sant kapital la, Plas Vèt la, kote yo te genyen bandwòl vèt sou yo, tandiske yo te gen nan men yo gwo manchèt yo t ap fè flote nan lè- a.

Daprè abitan Tripoli yo toujou, depi nannuit rive, okenn manifestan anti-gouvènmantal pa pran chans kite kay yo.

XS
SM
MD
LG