Vyolans eklate madi 25 janvye 2011 la nan Nò Liban nan moman plizyè milye patizan premye minis pwovizwa a, Saad Hariri, te rasanble nan Tripoli pou yon jounen pwotestasyon yo rele “raj pasifik”.
Manifestan yo atake yon “pickup” estasyon televizyon Al Jazeera e yo mete dife ladan. Manifestan yo boule tou foto ansyen Premye-Minis Najib Mikati, yon kandida Hezbollah ap apiye, ki sipoze ranplase misye Hariri.
Misye Mikati sanble genyen apui 65 manm sou 128 ki genyen nan Palman an, apre gwoup militan Chi-it la ak alye li yo deside apiye l.