Palmantè alman yo ap vote sou kesyon pou konnen si wi ou non yo dwe ogmante fon sovetaj ekonomik pou peyi Ewozòn yo k ap lite. Chanselye alman an, Angela Merkel ap fè fas ak opozisyon nan kowalisyon sant-dwat li a kont nouvo fon an ki se 593 milya dola.
Sa gen plis ke 2 mwa lidè Ewopeyen yo te dakò ak chif sa a. Finland aksepte ogmantasyon sa a men gen 7 lòt peyi ki pako ratifye l.
Vòt sa a fèt nan moman enspektè nan Fon Monetè entènasyonal, Bank santral ewopeyen, Inyon Ewòp la rekòmanse fè chita-tande avèk la Grès sou kriz dèt peyi sa a. Yo nan Athèn kote yap evalye efò la Grès ap fè pou l redui sou gwo dèt li a. Enspektè-yo pral rekòmande si wi ou non la Grès ka resevwa yon lòt vèsman nan plan sovtaj 159 milya dola ane pase a.