Accessibility links

Breaking News

VOA Oganize Yon Seminè sou "Jounalism SItwayen"



Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la ap òganize semenn sa a, nan Pòtoprens, yon seminè sou sa ki rele "Jounalis sitwayen". Se yon seminè kote yon gwoup moun byen enfòme -men ki pa jounalis pwofesyonèl- ap aprann kijan pou yo rapòte nouvèl sou sa kap pase nan lokalite kote yap viv la. Chèf Sèvis Kreyòl VOA, Ronald César, ki nan tèt delegasyon espesyalis kap anime seminè a, te prezide seyans ouvèti a pi bonè nan semenn nan. Chak patisipan resevwa yon telefòn I-fòn e yap pran fòmasyon sou fason pou yo itilize foto avèk son pou yo ilistre repòtaj yo.

XS
SM
MD
LG