Accessibility links

Breaking News

Vizit Vis-Prezidan Chinwa a nan Kiba


Vis prezidan chinwa a Xi Jinping ak vis prezidan kiben an Esteban Lazo Hernandez (AP Photo/Ismael Francisco, Prensa Latina)
Vis prezidan chinwa a Xi Jinping ak vis prezidan kiben an Esteban Lazo Hernandez (AP Photo/Ismael Francisco, Prensa Latina)

Vis prezidan chinwa a, Xi Jinping kòmanse yon vizit 2 jou nan Kiba avèk objektif pou l relanse lyen ekonomik ant 2 peyi kominis yo.

Otorite yo di Xi rankontre ak prezidan kiben an, Raul Castro e yo te gen pou yo siyen yon seri akò sou kowoperasyon komèsyal e ekonomik.

La Chin se dezyèm pi gran patnè Kiba aprè Venezuela. Komès ant 2 peyi sa yo te totalize apeprè 1 milya 800 milyon dola ane pase.

XS
SM
MD
LG