Accessibility links

Breaking News

Vizit Sekretè Deta Hillary Clinton Nan Amerik Latin nan


Nan kad vire-won sa a, madan Clinton pral pwononse yon diskou nan Ekwatè, kote li pral devwale politik gouvènman Obama a vizavi peyi nan sou-kontinan ameriken

Sekretè Deta ameriken, Hillary Clinton, tanmen dimanch yon vire-won nan Amerik Latin nan, nan kad dezyèm vwayaj li ane sa a nan rejyon an. Depatman Deta fè konnen madan Clinton ap koumanse vizit li an nan Pewou kote li pral patisipe nan Asanble jeneral òganizasyon Eta Ameriken-yo (OEA).

Asistan sekretè Deta Arturo Valenzuela di chèf diplomasi Etazini an pral rankontre ak prezidan Alan Garcia ki te fè chita-pale nan Washington, D.C madi pase ak prezidan Barack Obama. Sekretè Deta a, apre sa, pral fè yon vizit nan Ekwatè ak Kolonbi pou l’ fè chita-koze ak lidè peyi sa yo.

Valenzuela di madan Clinton pral pwononse yon diskou nan Ekwatè—diskou ki pral prezante gran liy politik gouvènman Obama a vizavi peyi nan sou-kontinan ameriken an. Clinton ap fini vizit li a nan Barbade, kote li pral' diskite ak lidè rejyonal yo anpil kesyon ki enterese Lèzetazini ak peyi karibeyen yo.

Nan koumansman ane 2010 la, Sekretè Deta Hillary Clinton te vizite Ajantin, Ayiti, Chili, Gwatemala, Irigwe ak Kostarika.


XS
SM
MD
LG