Lachin rekonèt mouvman rebèl libyen an kòm « yon patnè enpòtan pou l dyaloge », yon patnè ki tounen yon fòs politik vital nan Libi.
Minis afè etranjè chinwa a, Yang Jiechi, pale nan sans sa a mèkredi 22 jen 2011 la pandan li t ap di sa l panse de Konsèy Nasyonal pou Tranzisyon nan Libi –yon òganizasyon politik rebèl yo mete sou pye.
Chèf diplomasi chinwaz la fè deklarasyon sa a aprè yon rankont li fè nan Peken avèk anvwaye mouvman rebèl la, Mahmoud Jibril.