Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Yemen nan Nan Arabi Saoudite


Prezidan Yemen nan, Ali Abdullah Saleh, nan vil Riyad (Kapital Arabi saoudite)
Prezidan Yemen nan, Ali Abdullah Saleh, nan vil Riyad (Kapital Arabi saoudite)

Prezidan Yemen nan, Ali Abdullah Saleh, nan vil Riyad (Kapital Arabi saoudite) kote li pral siyen yon plan peyi nan rejyon Gòlf la prepare e k ap pèmèt li pase pouvwa a bay yon depite e fòme yon gouvènman Inite Nasyonal ki va mete yon fen nan kriz politik k ap sakaje depi 10 mwa Yemen nan.

Misye Saleh rive nan kapital saoudyèn nan mèkredi. Media Leta yemenit la di prezidan an pral patisipe nan siyati plan transfè pouvwa Konsèy Kooperasyon Gòlf la ansanm ak “mekanism aplikasyon li”.

Prezidan Saleh te pwomèt plizyè fwa pou l siyen dokiman an, men chak fwa okazyon an te prezante li chanje lide odènye moman.

Anvwaye Nasyonzini nan Yemen nan, Jamal Bin Omar, di misye Saleh ak opozisyon an dakò, an prensip, sou inisyativ Konsèy Kooperasyon Gòlf la.

XS
SM
MD
LG