Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Palestinyen an O Brezil


Prezidan Mahmoud Ahmadinejad (foto achiv)
Prezidan Mahmoud Ahmadinejad (foto achiv)

Peyi Brezil akeyi Prezidan palestinyen an, Mahmoud Abba, ki gen pou prezide vandredi 31 desanm 2010 la yon seremoni “première pierre” yon nouvo anbasad pouvwa palestinyen an nan peyi sid ameriken an.

Vizit sa a ap dewoule apre anons Brezil mwa pase a pou di li rekonèt ke genyen yon eta palestinyen endepandan menm lè konsidere fwontyè ki te etabli avan gè Mwayen Oryan an an 1967. Ajantinn, Bolivia ak Ekwatè di tou yo rekonèt yon eta palestinyen endepandan.

Jedi 30 desanm 2010 la, Mesye Abbas te rankontre lidè arab yo nan kapital la, Brasilia. Ajans nouvèl WAFA di responsab yo te fè diskisyon sou plizyè sijè pami yo chita-tande lapè ant izraelyen ak palestinyen.

Chita-tande dirèk yo te kanpe apre moratwa eta ebre a te adopte sou konstriksyon nan pèpleman jwif yo te rive nan bout li nan mwa septanm pase a . Mesye Abbas ap gen tou pou l asiste seremoni prestasyon sèman nouvo prezidan eli peyi Brezil la, Dilma Rousseff.

XS
SM
MD
LG