Accessibility links

Breaking News

Vizit Minis Defans Ameriken an nan Sid Afganistan


Prezidan Afgan, Hamid Karzai nan yon konferans pou laprès ak Minis Defans Ameriken an Robert Gates
Prezidan Afgan, Hamid Karzai nan yon konferans pou laprès ak Minis Defans Ameriken an Robert Gates

Madi 8 mas 2011 la, Minis defans Etazini an, Robert Gates ap vizite Sid Afghanistan ki chaje ak pwoblèm, yon jou apré li te fin sivole peyi a epi li te mande eskiz pou lanmò kèk sivil ki te pèdi lavi yo pa aksidan nan pati lès peyi a.

Mesye Gates te rankontre avèk sòlda yo nan pwovens Kandahar, yon chan d’Batay enpòtan kote ki gen anpil pwoblèm ak lidè rebèl yo.

Li te diskite tou sou pwogrè sekirite nan rejyon an. Pandan yon konferans pou laprès konjwen avèk prezidan afghan an, Hamid Karzai nan Kaboul lendi 7 mas 2011 la, Minis Gates di Lezetazini nan bon pozisyon pou l kòmanse retire sòlda l yo nan Afghanistan bò mwa jiyè k ap vini an.

XS
SM
MD
LG