Accessibility links

Breaking News

Vizit Minis Defans Ameriken an Nan Afganistan


Minis Defans Lèzetazini an, Robert Gates, fè yon vizit otorite yo pat anonse davans nan peyi Afganistan kote l ap rankontre ak kòmandan militè ameriken yo e ak Prezidan Hamid Karzai.

Misye Gates rive nan peyi a madi 7 desanm 2010 la, nan moman La Mezon Blanch ap fè preparasyon pou l pibliye yon rapò sou evolisyon lagè a, rapò ki kapab sòti nan jou k ap vini la yo.

Daprè yon pòtpawol Pentagòn nan kap vwayaje ak misye Gates, minis defans la byen kontan pwogrè ki fèt sou teren an nan Afganistan.

Misye Gates fè deplasman sa a yon jou apre kòmandman fòs ameriken ak fòs l’OTAN yo te di li pa kapab deklare ak konviksyon ke twoup militè afgan yo ap pare pou yo pran larelèv e pran responsablite sekirite peyi a nan men l’OTAN nan delè ki fikse a, sètadi anvan fen ane 2014.

XS
SM
MD
LG