Accessibility links

Breaking News

Vizit Diplomatik Prezidan Chinwa a Ozetazini


Prezidan ameriken an Barack Obama ak Prezidan Hu Jintao k ap mache nan lakou lamezon blanch aprè seremoni ki fèt pou resevwa prezidan chinwa a
Prezidan ameriken an Barack Obama ak Prezidan Hu Jintao k ap mache nan lakou lamezon blanch aprè seremoni ki fèt pou resevwa prezidan chinwa a

Prezidan chinwa a, Hu Jintao, twouve l nan Washington kote li asiste yon seremoni kote otorite ameriken yo ba li yon byenveni ofisyèl anvan li kòmanse fè chita-tande sou kesyon ki sòti depi nan pwoblèm ki poze ant Lèzetazini ak Lachin nan domèn ekonomik la, pou rive nan dosye Kore di Nò a.

Misye Hu deja vizite La Mezon Blanch kote l te patisipe nan yon dine enfòmèl avèk Prezidan Barack Obama madi 18 janvye 2011 la. Se sèlman 2 pwòch kolaboratè chak nan 2 prezidan yo ki te prezan nan dine sa a; pèsonn pat gen dwa pran nòt sou sa yo t ap di, yon fason pou pèmèt yo youn pale ak lòt ant tout franchiz, san kachotri.

Pandan dine a t ap dewoule, plizyè santèn manifestan te rasanble sou yon plas piblik ki devan La Mezon Blanch pou yo reklame endepandans pou Tibè, yon rejyon nan Himalaya a ki anba kontwòl Peken, e pou mande otorite ameriken yo fikse yon pi gwo atansyon sou dosye dwa-zimen peyi Lachinn.

Vrèmanvre, militan k ap defann dwamoun ap fè presyon sou Prezidan Barack Obama pou li menn, bò kote pa l, fè presyon sou prezidan chinwa a, Hu Jintao, sou dosye dwa-moun Lachin pandan visit misye Hu ap fè Ozetaini an.

Nan yon konferans pou laprès manm kongrè ameriken an bay madi 18 janvye 2011 la, depite Christopher Hill lanse apèl bay Prezidan Obama pou l fè presyon sou Prezidan Hu pou l fè lage ekriven e militan demokratik Liu Xiaobo ki te ranpòte pren Nobèl Lapè a an desanm 2010 la.

Depute Smith di, an tan ke Loreya menm Pri Nobèl la an 2009, Prezidan Obama genyen yon obligasyon pou l egzije liberasyon misye Liu publikman e ak tout fòs li.

XS
SM
MD
LG