Accessibility links

Breaking News

Vizit Diplomat Ameriken Arturo Valenzuela nan Ajantin ak Chili


Valenzuela Arturo
Valenzuela Arturo

Depatman Deta ameriken an anonse Asistan Sekretè Deta, Arturo Valenzuela, gen pou l vwayaje nan peyi Arjantin ak Chili semèn k ap vini la a.

Objektif virewon an se ranfòse relasyon Lèzétazini ak 2 patnè latino-ameriken enpòtan sa yo. Nan yon kominike Depatman Deta fè parèt mèkredi 5 janvye 2011 la, li di pandan vizit mesye Valenzuela nan 2 peyi sid-ameriken yo, li pral rankontre ak kèk gwo responsab ajanten e chilyen pou yo abòde kesyon ki enterese Lèzetazini ak 2 peyi yo, tankou kowoperasyon bilateral ak pwoblèm rejyonal yo.

XS
SM
MD
LG