Accessibility links

Breaking News

Vizit Bill Richardson Nan Kore di Nò


Gouvènè Bill Richardson
Gouvènè Bill Richardson

Ansyen diplomat ameriken Bill Richardson, fè konnen otorite Kore di Nò yo fin pa konprann yo ale twò lwen nan fason y ap lanse defi bay kominote entènasyonal la e yo rale yon bak pou yo ale nan bon direksyon an.

Ansyen diplomat la di nò koreyen yo aksepte fè chanjman sa a nan negosyasyon li fè avèk yo nan kòmansman semèn nan.

Pandan misye Richardson t ap debake nan vil Peken, kapital Lachin madi 21 desanm 2010 la, li deklare li espere 5 jou vizit li fè nan Pyongyang nan kreye ouvèti ki nesesè pou negosyasyon ki t ap fèt ant 6 peyi sou Kore di Nò a rekòmanse.

Sepandan, gouvènman Lèzetazini ak Kore di Sid toujou gen dout sou kesyon an; paske, daprè yo, li ta bon pou Kore di Nò poze aksyon konkrè pou l pwouve vrèman li vle ale nan bon direksyon an.

XS
SM
MD
LG