Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Mike Pence ak Prezidan Jovenel Moise Reyafime yon Kowoperasyon Bilateral Solid ant Lèzetazini ak Ayiti


Vis Prezidan Mike Pence ak Prezidan ayisyen an Jovenel Moise,(nan mitan) pandan yon konferans sou Prosperity ak Sekirite pou Amerik Santral la, 15 jen, 2017, nan Miami.
Vis Prezidan Mike Pence ak Prezidan ayisyen an Jovenel Moise,(nan mitan) pandan yon konferans sou Prosperity ak Sekirite pou Amerik Santral la, 15 jen, 2017, nan Miami.

Yon nòt Lamezon Blanch pibliye jedi 15 jen 2017 la a 8:25pm fè konnen Vis Prezidan Mike Pence rankontre Prezidan ayisyen an Jovenel Moise nan Miami, Florid.

Nòt la kontinye pou l di: “Nan non Prezidan Donald Trump, Vis Prezidan Pence felisite Prezidan Moise pou eleksyon li nan komansman ane a, e rekonèt Ayiti dèske li gen lidè eli nan tout pozisyon enpòtan nan leta a. 2 lidè yo ensiste sou enpòtans yon plan refòm ekonomik pou atire envestisman ak jenere kwasans.

Vis Prezidan an ak Prezidan Moise reyafime angajman komen yo pou rive bati yon lyen bilateral solid epi kontinye travay ansanm sou kèk pwen enpòtan nan enterè 2 nasyon yo."

Premye sitwayen ayisyen an chita pale ak vis prezidan ameriken an pandan yon konferans sou Pwosperite ak Sekirite pou Amerik Santral la kap dewoule nan yon inivèsite nan Florid ki rele Florida International University.

Nan vandredi 16 ak samdi 17 jen, Prezidan Moise gen pou l patisipe tou nan yon konferans Chanm Komès Ayisyen-Ameriken an nan Miami ap òganize.

XS
SM
MD
LG