Accessibility links

Breaking News

Vis-Prezidan Ameriken Joe Biden ap Vizite Lachin


Vis Prezidan ameriken an Joseph Biden ak pitit li Ashley Biden nan ayewopò chin nan
Vis Prezidan ameriken an Joseph Biden ak pitit li Ashley Biden nan ayewopò chin nan

Vis-prezidan ameriken an, Joe Biden, ap rive mèkredi 17 out la nan vil Peken nan yon moman tansyon an ap monte ant Lachin ak Taywann poutèt plan Lèzetazini genyen pou l vann zam ak Taywann.

Otorite ameriken yo ensiste pou yo di Misye Biden ta renmen sèvi ak vwayaj sa a, k ap dire 4 jou, pou l bay chinwa yo asirans ke sistèm finansye ameriken an se yon sistèm ki solid, epi chache tabli bon jan rapò ak pwochen jenerasyon lidè chinwa yo.

Sepandan, laprès nan Lachin ak Taywann atire atansyon sou lefèt ke vizit vis-prezidan ameriken-an rive nan okazyon anivèsè yon kominike istorik ki te parèt an 1982, kote Lèzetazini te pwomèt –pami lòt bagay--- pou l diminye pwogresivman kantite zam l ap vann ak Taywann.

XS
SM
MD
LG