Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Ameriken an Rankontre ak Kèk Lidè Ayisyen-Ameriken


Vis Prezidan ameriken Joe Biden
Vis Prezidan ameriken Joe Biden

La Mezon Blanch anonse Vis-Prezidan ameriken an, Joe Biden, rankontre jedi 6 janvye 2011 lan ak yon gwoup lidè Ayisyen-Ameriken pou yo te pale de angajman manch-long Lèzetazini pan vizavi Ayiti.

Pandan chita-tande sa a, Misye Biden te atire atansyon sou travay enpòtan Lèzetazini ak patnè entènasyonal li yo ap fè men nanmen ak pèp ayisyen an depi tranblemanntè tèrib ki te frape Ayiti ane pase a eki te devaste anpil kapital la, Pòtoprens, ak vil Leyogane ak metwopòl Sidès la, Jacmel.

Vis-Prezidan ameriken an ak lidè Ayisyen-Ameriken yo te rankontre tou ak yon seri gwo responsab gouvènman Lèzetazini an pou yo te abòde, nan tout aspè li, efò gouvènman ameriken an ap deplwaye pou ede Ayiti.

Daprè yon kominike pou laprès La Mezon Blanch pibliye, misye Biden te diskite tou sou defi san parèy ki rete pou leve pou remete Ayiti sou 2 pye l e sou efò rekonstriksyon yo.

XS
SM
MD
LG