Accessibility links

Breaking News

Vis Konsil Ameriken Adam Michelow di Lavwadlamerik Otorite Imigrasyon Etazini yo Vle Akselere Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen yo


Vis Konsil Ameriken Adam Michelow.
Vis Konsil Ameriken Adam Michelow.

Vis konsil ameriken Adam Michelow di Lavwadklamerik pwogram reyinifikasyon fanmi ayisyen yo se yon pwogram ki la pou sèten moun ki gen demand rezidans amerikèn apwouve pou yo e kap viv ann Ayiti. Si yon moun ap viv ilegalman ozetazini, moun sa a pa elijib pou pwopgram nan.

Klike sou lyen anba a pou w koute entèvyou vis konsil ameriken Adam Michelow bay Ronald César:

Entèvyou ak Vis Konsil Ameriken Adam Michelow sou Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:28 0:00
Direct link


Msye Michelow di ojektif pwogram sa a se pou ankouraje imigrasyon legal, e aksele reyinifikasyon fanmi ayisyen yo. Moun ki kalifye pou pwogram nan pral kapab jwenn pèmisyon pou yo antre ozetazini, kote to pral jwenn yon pèmi travay pandan yap tann rezidans la.

Vis Konsil Adam Michelow eksplike tou kijan pwogram nan ka ede ayisyen ki elijib yo sou plan ekonomik. Li di plis moun k al ozetazini, se plis transfè lajan moun sa yo pral kapab voye bay fanmi yo ann Ayiti.

Lè nou te mande Vis Konsil la si konsila ameriken an ann Ayiti pran mezi pou anpeche moun al fè lòt depanse lajan pou pwogram sa a nan move kondisyon. Li te reponn pou l di moun ki kalifye pou pwogram reyinifikasyon familyal la pap bezwen peye pou pwogram nan, etan done ke se fanmi ki lòt bò a e ki te fè demand rezidans la ki pral peye frè yo.

Vis Konsil Michelow di li pa nesesè pou moun al chèche konnen kilè dat priyorite yo ap rive, etan done ke si yon moun elijib pou pwogram reyinifikasyon fanmi ayisyen yo, responsab imigrasyon Etazini yo ap voye enfòme fanmi ki ozetazini ki te fè demann rezidans la.

Nou te mande Vis Konsil Michelow si moun ki te fè demand rezidans pou fanmi l ki Ayiti a ta vinn mouri aprè l finn resevwa enfòmasyon ke fanmi l ki Ayiti a elijib, eske sa pral afekte elijibilite moun ki Ayiti a? Li reponn pou l di sa depan, paske se responsab imigrasyon ozetazini ki tap fè desizyon sou yon ka konsa, e non pa konsila ameriken an ann Ayiti.

Men yon lis kesyon nou te poze Vis Konsil Ameriken Adam Michelow sou pwogram reyinifikasyon fanmi ayisyen yo ansanm ak repons Konsil la bay pou kesyon sa yo:

Kesyon: Apre moun ki te fè demand rezidans la finn resevwa enfòmasyon nan men otorite imigrasyon Etazini ki di l pitit li ki Ayiti elijib, konbyen tan sa kapab pran avan pou pitit sa a jwenn pèmisyon pou l antre ozetazini:

Repons: Vis Konsil Michelow di yo ta renmen kòmanse voye enfòmasyon yo nan fevriye 2015 la. Anbasad la ap pare pou l fè entèvyou ak moun ki elijib yo nan mwa d jiyè a. Li di konsila ameriken an ta renmen ede 5 mil moun ale ozetazini chak ane nan kad pwogram reyinifikasyon fanmi ayisyen yo.

Kesyon: Ki kalte prepasyon moun ki panse yo ka elijib yo kapab kòmanse fè kounye a?

Repons: Si se manman oubyen papa w ki te voye chèchè ou, ou ka al chèche ekstrè achiv ak de nesans ou kounye a. Si moun nan fè sa, lap pi fasil pou li lè li vinn fè demand la nan konsila ameriken an.

Kesyon: Ou di se moun ozetazini ki te fè demand rezidans pou moun Ayiti a ki pral peye frè pou pwogram reyinifikasyon fanmi ayisyen yo. Eske ou ka di nou konbyen kòb sa kapab koute?

Repons: Pwogram sa a pral koute 360 dola ameriken. E nap raple se moun ki abite ann Ayiti kap kalifye pou pwogram nan, e non pa moun ki rete ozetazini.

Kesyon: Si yon ayisyen ki abite ann Ayiti e ki ka elijib pou pwogram nan al abite nan repiblik dominikèn par ekzanp, èske sa kapab afekte elijibilite moun sa a?

Repons: Pa ditou. Men, pou randevou ak konsila ameriken an, moun nan ap bezwen tounen ann Ayiti. Pa ekzanp, si moun sa a al rete Sendomeng, sa pap afekte elijibilite li.

Kesyon: Ki kategori ayisyen ki pap elijib pou pwogram reyinifikasyon familial la, menm si yo gen yon rezidans ki apwouve pou yo ozetazini, e menm si dat priyorite yo pa lwen?

Repons: Map ba w yon ekzanp: kounye a, si yon manman ou yon papa ki ozetazini e ki se sitwayen ameriken kap antre pitit li ki Ayiti, pitit la pap bezwen ret’ tann dat priorite. Pwogram reyinifikasyon familial la se pou moun ki ann Ayiti e ki gen rezidans apwouve pou yo aprè fanmi yo ki ozetazini ak rezidans te fè demand rezidans pou yo. Objektif la se akselere reyinifikasyon familyal e ankouraje imigrasyon legal. Pwogram sa a se jis pou moun ki pa gen yon dat priorite ki kouran.

Kesyon: Ki konsèy ou ta renmen bay moun ki ann Ayiti kap tande entèvyou sa a konsènan pwogram reyinifikasyon familyal pou ayisyen yo?

Repons: Mwen ka di: moun pa bezwen aplike pou pwogram sa a, paske otorite imigrasyon ozetazini ap voye enfòmasyon pou tout moun ki elijib. E li enpòtan pou moun konnen ke pou yo kalifye, se pou yo abite ann Ayiti. Si yo elijib pou pwogram nan, yo pa bezwen peye lajan pou sa; paske se moun kap voye chèche w la ki pral peye frè yo. Si ou rete ann Ayiti, ou pap bezwen peye frè yo. Genyen plis pase 5 mil moun ki elijib pou pwogram reyinifikasyon familyal la. Men, nou pral wè si nou ta ede 5 mil Ayisyen ale ozetazini chak ane nan kad pwogram sa a.

Kesyon; Eske pwogram reyinifikasyon fanmi ayisyen yo la pou tout tan, oubyen èske yo genyen yon dat pou kanpe l?

Repons: Pou kounye a, nou pa gen yon dat pou kanpe pwogram sa a. Paske nou vle akselere pwosesis reyinifikasyon familyal la pou ayisyen.

Kesyon: Lè moun ki ozetazini yo resevwa enfòmasyon ki di yo fanmi yo ki Ayiti elijib pou pwogram nan, siman konsila ameriken an nan Pòtoprens ap kontake moun ki Ayiti a?

Repons: Ekzakteman. Paske fanmi ki ozetzaini yo ap ba nou fason pou nou kontake moun ki Ayiti a.

Kesyon: Eske randevou moun ki Ayiti a pral pran menm kantite tan ak randevou lòt moun ki pa nan pwogram nan? Oubyen èske randevou pa yo a pral pi rapid?

Repons: Randevou pou moun ki elijib pou pwogram reyinifikasyon fanmi ayisyen yo se yon radevou kap pi kout pase yon randevou pou rezidans. Sa vle di se pi fasil pou w jwenn papye pou w ale ozetazini nan kad pwogram sa a, paske si ou kalifye pou pwogram reyinifikasyon fanmi ayisyen yo, se pap yon viza ameriken yap ba ou. Yap ba ou yon pèmi pou w antre ozetazini ak yon pèmi pou w travay lè ou rive ozetazini. E aprè kèk ane, ou pral fè randevou pou rezidans ou.

XS
SM
MD
LG